• US BY US COLLECTIVE

Maladi Mantal Nan Sosyete Ayisyen

Yon moun ki an sante pou OMS (Òganizasyon Mondyal Sante) se yon moun ki genyen bonjan byennèt fizik, mantal ak sosyal, se pa sèlman yon moun ki pa malad oswa ki pa andikape.

Men anpil fwa, jan nou ranje lavi n selon sa ki pi itil pou n siviv nan mond sila a, sèl yon branch fizik nan sante a, nou rive bay enpòtans. Nan peyi mwen devlope ki chita sou system kapitalis la, kote pi fò bagay parèt yon liks, sante fizik la se li ki tout bagay, pou n ka travay, pou n chache moso lavi. Menm moun ki gen plis mwayen yo, konsantre yo sou li. Anplis, istwa, kilti, ak koutim nan kominote nwa a fè nou abitye reziyen n ak kenbe anndan n tout kalite pwoblèm ki pa fizik ase. Nou kiltive metòd sa yo tankou se ta rasin nou. Chak jenerasyon ki pase kite yo byen vlope pou lòt jenerasyon an, ou ta di yon bèl kado ki pa pote soufrans ak tromatis.

Nan peyi n Ayiti, yon peyi kote blese dantan yo poko fin sikatrize, pou anpil granmoun, bay kou se yon fòm lanmou, yon mwayen pou fè timoun rezistan. Mak sou po tounen prèv edikasyon, lè n piti. Lè n gran, se prèv kouray, prèv n ap debat ak lavi.

Nou lèd, men nou la”, yon ti fraz plizyè nan nou di pou n reponn lè yo mande n ‘‘Kouman n ye?’’ Yon ti repons byen fòmate nan jan pa n, ki pèmèt nou ak yon ti kras pawòl montre moun ki poze n kestyon an, bato a mèt danse, n ap kenbe. Men tou ki pèmèt nou kanpe devan lemond, pou n di, malgre tout kalite koze n ap sibi, malgre koulè lavi n, malgre chay sou do n, malgre mak sou po n, malgre eta n deyò kou andidan, nou pa atè. Senk ti mo sa yo pa la pou yo kache mizè, oswa fè kòmsi tout bagay anfòm san pwoblèm, non! Yo se pito mwayen nou jwenn pou n bay tèt nou bourad, pou ede n pa febli lè pa gen lòt rezon pou n ta doubout. Nan tèt nou, yo fè yon brase resistans ak reziyen, ki pou ban n fòs prezan fizikman. Ak yo nou mete sou kote tout pwoblèm ki pa materyèl ak fizik.

Ti repons sa a, nan reyalite n plis pase yon senp fraz, li se pou nou ayisyen an jeneral, yon modèl rezistans ki desinen jan nou viv. Kounye a, ak tout sa, kestyon ki vin poze se : kisa nou fè ak ayisyen ki gen pwoblèm mantal yo ? Pa moun fou yo ase (nou konn kouman deja peyi a trete moun fou) men tout lòt yo, ki pou yon rezon oswa yon lòt malad nan tèt. Ki plas yo ? Eske yo gen dwa pale, di yo malad, di yo pa rive kanpe menm lè fizikman yo ta parèt doubout?

An nou eseye pran egzanp sou depresyon, ki pi fò tan nou konsidere kou yon senp ti tristès ki manyen yon moun nan yon sikonstans patikilye. Malgre psikyat bay siy yon moun ka montre lè l deprime (fatig, pa ka konsantre, difikilte pou l travay menm jan l te konn fè, enterè l ap pèdi pou lavi…) pi souvan, nou pa pran lòt siy sa yo an konsiderasyon e n lè dakò wè yo nou fè yo pase pou lòt bagay.

Nenpòt ki jèn ayisyen ki soufri depresyon k a di o mwen yon fwa nan lavi l li kontre ak yon moun ki malentèprete sentom li genyen yo. Soti nan parès rive nan lwa k monte l pou fini nan djab k ap manje l, toujou gen youn ki gen yon eksplikasyon ki soti nan kad maladi li soufri a. Anpil fwa, baton ak lapriyè, se premye lè se pa sèl remèd ki konsidere. Satan, djab ak parès pote tout chay maladi a, alò nou vin prèske pa janm kestyone anviwonman, antouraj moun ki deprime a. Abi fizik, moral, emosyonèl ak sosyal yo pa nan dyagnostik la. E depresyon pa sèl maladi mantal ki egziste, si pran l kòm egzanp pèmèt montre yon ti kal nan stigmatizasyon ak pwoblèm konprann ki genyen, se yon ti pati zwing nan koze a.

Men yon ti istwa ki ta ka fè n wè pi byen jan anpil fanmi ayisyen trete dosye maladi mantal la. “Avèk kèk konesans m devlope sou sijè a, m ka di m gen yon kouzen, ki dwe depi l piti soufri divès kalite maladi mantal. Men lè m te piti m te jis wè m te gen yon kouzen ki t ap plede bay pwoblèm. Lè m vin gen 8 an, laj timoun koumanse poze tout kalite kestyon, m pran mande sa misye genyen, poukisa l konsa a, tout fanmi an esplike m se posede l posede. Se djab k ap eseye pran l, yo te konn di m. Menm yon fwa yo pa mennen l lopital, wè yon sepsyalis. Pi gran, li vin gen gwo pwoblèm lekòl, difikilte pou l aprann, pou l suiv, pou l ret trankil, se a baton ase yo te eseye regle sa. De sèl jijman, se djab oswa se vle l pa vle, se espre l fè. Pa gen lòt solisyon, fòk yo priye, fòk yo kale l. Kale l pou fè sak sou li yo ale oswa kale l pou mete l nan plas li, kòm si li pa ta ka yon pwoblèm mantal, kòm si se pa ta ka yon maladi li soufri. Yon ti tan apre, li vin kite koze lekòl la, li ale oswa yo voye l yon kote li te ka okipe jaden epi marye, yon kote yo ak li te ka fè kòm si misye anfòm. Lavi l kontinye konsa, li vin aprann renmen l, reziyen avè l, « se chay pa l pou l te pote », jodi a li dakò ak sa. Men de tanzantan, nouvèl yon kriz li fè, yon jan li aji, vin jwenn nou, raple n, nou pa t bal chans resevwa èd ak bonjan swen li te bezwen e kontinye bezwen. Fanmi an pa janm eseye o mwen yon fwa, san enfliyans legliz ak kwayans, konprann sa l genyen. Kidonk nou lage l poukò l nan mitan yon chan, pou l aprann reziyen ak lavi « Bondye » kite pou li’’.

Men sa k enpòtan pou n konprann, maladi mantal pa disparèt paske nou pa wè yo, paske nou pa konprann yo, paske nou esplike yo on lòt jan, oswa mete moun ki soufri yo nan yon kwen. Anpil nan nou gen dwa vle prefere konsantre n ase sou pwoblèm nou ka wè yo, ki deja twòp vre, men sa pa vle di pou sa, pwoblèm mantal pa egziste. E menm lè kèk nan nou bay moun ki soufri maladi sa yo, yon plas espesyal kote nou eseye konprann yo, nou senplifye maladi k ap fè ravaj sou yo a. Lè sa a nou pito wè l tankou nenpòt ki ti maladi. Nou pito trete maladi a kou yon vye grip fatigan men ki prale kanmenm, ki pa mande chanjman fondamantal nan lavi moun ki malad la, ni mande entèvansyon yon pwofesyonèl. Sitou gerizon sa yo, mande tan, mande lajan, sa nou pa toujou genyen. Kidonk, lè sa a, menm si nou aksepte l egziste nou prefere pa ba l tout enpòtans li ta merite, pou l pa parèt twò grav. Pwoblèm manje, pwoblèm lekòl, pwoblèm laswennay, pwoblèm travay, pwoblèm sosyal, pwoblèm lajan elatriye deja ap fè n pase yon tray san parèy, alò nou bezwen tout moun itil tèt yo pou yo ka siviv. Pwoblèm nou pa ka wè yo men nou konnen ki la, nou pito lè n fè efò aksepte yo la, pran yo pou ti maladi senp kip a mande anpil, mete yo sou kote pou yo pa pran twòp plas, epi espere y ava disparèt.

San retire enplikasyon ak tò chak moun genyen nan jan « nou » ayisyen an jeneral trete maladi mantal, mwen pa ta ka fini san mwen pa fè yon ti chita sou enpòtans wòl sistèm ak estrikti sosyal peyi a nan dosye a.

Kouman nou ta vle pou moun aprann konnen, aprann konprann sa ki maladi mantal, lè pi fò nan nou tande pale de sa nan zen tankou se on move bagay k ap voye n nan lanfè dirèk ? Lekòl ak lòt enstitisyon sosyal yo pa toujou pale de sa tankou se yon bagay enpòtan, li pa vrèman nan okenn pwogram, e pa gen okenn solisyon striktirèl ki pwopoze. Kidonk n ap viv ak sa nou gen, ti brib enfòmasyon nou rive jwenn sou sijè a epi yon pil kestyon nou chache reponn ak imajinasyon n ki makonnen ak kwayans nou. Se konsa, maladi mantal tounen pi fò tan, move bagay, di entèl malad nan tèt se jouman pou anpil nan nou, montre entèl gen pwoblèm mantal, se montre li gen djab sou li oswa fanmi l sèvi. Nou pa bay moun ki soufri maladi sa yo plas pou yo ta egziste vre. Nou pa vle wè yo, nou pa vle ba yo enpòtans, ni aksepte se pa ni djab, ni vle yo pa vle geri.

« YO » se kèk nan « NOU », men si nou pa vle wè ni bay swen ak atansyon nesesè, kouman n ap fè pwogrese ? Epi, depi kilè, kache dèyè bèl flè pou nou pa wè yon reyalite ki ka twò lèd, twò fò pou nou aksepte, vle di li pa eziste pou otan, ni li p ap rive sou nou ?

Translated by EkriPouRele

Recent Posts

See All